Leve lavwa kont yon jenosid pèdi 80 anne aprè masak ayisyen Aktivis ak atis lemonn antye reyini ann Ayiti ak Repiblik Dominiken

 

Dahabonn, Repiblik Dominiken. Moun lemonn antye pral rasanble anba non Fwontyè Limyè Soti nan 28th nan septanm jouk premye a nan Oktòb, 2017 komemore 80yèm anivèsè Masak Ayisyen, ki rele masak pèsi a. Nan 1937, ditaktè dominiken Rafael Trujillo bay lòd pou yo masakre, anviron 20.000 ayisyen ak dominiken desandan ayisyen nan yon netwayaj éknik sou fwontyè dominiken-ayisyen. Fwontyè Limyè envite atis, aktivis, etidyan, papa ak manman, profesè, ak moun legliz ansanm pou nou pa bliye sila, ki jiskaprezan anpil moun poko konnen.


Non “masak pèsi a” sòti nan lè lanme ak kèk moun nan pèp dominiken konmanse anmède moun po nwa ki t ap viv nan Repiblik Dominiken. Yo te mande pou yo rekonèt yon mòso pèsi an lang panyòl, ki se perejil. Mo sa a yon ti jan difisil pwononse pou ayisyen, ki kreyòlofòn, epi konsa yo vin sispèk kiyès ki pa dominiken. Sa k pa pwononse l byen, se yo ki ta va mouri.


Pami tout gwo atis k ap patisipe nan evennman ak rasanbleman sila, nou rekonèt otè epi aktivis Julia Alvarez. Li di konsa: “anpil dominiken nan dyaspora menm ak sa k nan peyi Dominikani t ap tann yon òpòtinite konsa pou rekonèt sa ki vin yon gwo wont nan istwa peyi Dominikani, masak 1937 la, ki fèt anba Trujillo ak patizan li yo. Nou santi nou oblije fè sa gouvènman nou yo, trete nou yo, dakò ak sèminè nou yo patko fè : montre jan nou regrèt gwo lakrim sa a menm fèt. Epitou, nou ta vle fete kolaborasyon nou yo, kòm frè ak sè. Nou gade lavni an ak lespwa nou pou zile sa a an tout ak ti planèt la.” Se sa Julia Alvarez di. Pwojè a konte sou sipò kèk lòt pèsonalite, tankou Edwidge Danticat, Michele Wucker epi Junot Diaz.


“Fwontyè Limyè sipote epi ankouraje remanbray yon nouvo lide de kisa fwontyè vle di.
Se pa youn ki kenbe moun dozado oubyen apa, okontrè, men nan men, ki ta pèmèt ant de pèp sa yo, youn anrichi lòt kiltirèlman. Divèsite nou an, se sa ki anrichi nou, fòtifye nou, epi li pa efase kiyès nou ye.” Konsa Pè Regino Martínez pale, epi se li menm, Dirèktè Solidaridad Fronteriza nan Dahabonn, Repiblik Dominiken, ki pral dirije vèy fwontyè a.


Evennman sa a pral dire twa (3) jou, epi li koumanse jou 4 oktòb ak yon pwomenad lape epi yon vèy. Manm kominote toulede bò pral rasanble nan pon Dahabonn lan. Vandredi sa a, volòntè yo pral pase jounen an ap netwaye epi anbeli yon pak Wanamèt, Ayiti. Evennman sa a fini apre kèk sèminè epi yon ekspozisyon da Dahabonn ki chita sou tèm inite a.


“Ak evennman sa yo, se pa selman pou n sonje viktim masak la, men se pou nou klere je devan tout enjistis desandann ayisyen Sendomeng ap soufri yo. Konsa pale Cynthia Carrion, ki se youn nan òganizatè prensipal yo. Kolètif Frontyè Limyè kreye yon paj web (www.borderoflights.org), konsa yo kapab anonse aktivite yo, pataje enfòmasyon ak resous, epi fonksyonen tankou yon achiv istwa masak la. Fontyè Limyè te fè yon rankont nan Nouyòk 27 daout 2012, òganize pa Nehanda Loiseau, kote aktè reyalize monològ sou eksperyans dominiken ak ayisyen afèkte nan masak la. Kolèktif Fwontyè Limyè gentan òganize yon kanpany pou ranmase lajan k ap nesesè pou netwaye pak la ki pral rezewa ekspozisyon atistik. http://www.kickstarter.com/projects/borderoflights/border-of-lights

ENFOMASYON SOU FWONTYÈ LIMYÈ
Manb dyaspora dominiken ak ayisyen epi aktivis nan kat kwen peyi a pral reyini pou 75yèm anivèsè Kout Kouto a pou yo kapab komemore, kolabore, epi klere je sou enjistis dominiken ki gen desandans ayisyen k ap soufri nan Repiblik Dominiken. 

 

Pou plis enfòmasyon epi pou ou kapab patisipe, ale nan: www.borderoflights.org

Copyright 2013

Border of Lights

  • Twitter Classic
  • c-youtube

Border of Lights News Coverage (Click Image to view Links):